NYS HABETAC
 
 
 

Madi 12 janvye 2010, yon kokenn chenn tranbleman tè ki mezire 7.0 sou echèl Riktè te frape Ayiti.  Se pi gwo dezas ki te sakaje peyi a nan 200 lane ki sot pase yo.  Te gen gwo dega nan Pòtoprens, Leyogàn, Ti Gwav, Jakmèl ak anpil lòt zòn.  Anpil nan nou pèdi fanmi ak zanmi e anpil ladan yo oblije deplase soti yon kote ale yon lòt.  Sa ki te rann sitiyasyon an pi grav sèke pa t gen yon reyaksyon rapid pou sekouri viktim yo e moun pa t ka kominike youn ak lòt.  Moniman enpòtan, katedral, lopital, biwo leta, palè nasyonal la kraze.  Gen anpil peyi ak òganizasyon k ap ede Ayiti, men, fòk efò sa yo byen koòdone, byen òganize pou tout moun toupatou rive jwenn èd.  Anpil moun pèdi kay yo e y ap viv anba tant.  Gen lòt moun ki mete ansanm ak fanmi oubyen ak zanmi pou yo wè si yo va rive debat an gwoup.  Jiskounye a, gen moun ki pa gen dlo pou yo bwè, manje pou yo manje, materyèl pou yo bay premye swen.  Genyen ki poko jwenn swen medikal ditou. 

 

Kominote Ayisyèn nan remèsye tout moun ak òganizasyon ki bay èd  oubyen ki bay lajan pou ede Haiti.  Pou kounye a, n ap mande pou lajan n ap bay yo al jwenn yon òganizasyon ki gen mwayen pou li bay kalite èd peyi a bezwen.  Nou vle pale de gwo òganizasyon k ap travay nan peyi a e ki gen mwayen pou yo bay yon èd imedya, pa egzanp Red Cross, UNICEF, Food for the Poor, Doctors Without Borders (klike sou Ayiti).  Ale nan sit òganizasyon sa yo sou entènèt si nou bezwen plis enfòmasyon.

 

  • Si ou Tèks “Haiti” nan “90999” w ap bay Red Cross $10 otomatikman e frè a prale sou telefòn ou.
  • Doctors Without Borders (gen 3 klinik ann Ayiti), ale sou sit entènèt yo pou bay donasyon.
  • Pou UNICEF, ale sou sit sa a: unicef,org/haitiquake oubyen rele (800) 4UNICEF
  • Sit entènèt Mercy Corps se: mercycorps.org oubyen ou kapab voye yon chèk nan: Haiti Earthquake fund, Dept. NR, P.O. Box 2669, Portland, Ore. 97208 oubyen rele (888) 256-1900
  • Ou gen dwa tèsk “Yele” nan 501501 pou bay Yele Haiti $5, se yon òganizasyon Wyclef Jean mete sou pye pou bay èd imanitè ann Ayiti.

 

Ou gen dwa chwazi bay kèk òganizasyon kominotè tou. Akoz dezas tranbleman tè a, gen anpil fanmi ayisyèn k ap antre bò isit.  New York, Florida ak Georgia se kèk eta ki deja ap resevwa moun. 

 

Gen bezwen tou pou volontè medikal.  Si ou bezwen plis enfòmasyon, tanpri voye yon kouryèl nan: habetac@brooklyn.cuny.edu  n a konekte ou ak òganizasyon oubyen gwoup k ap chèche volontè.